LEMONN/KRIZ: KRIZ NAN PEYI GWADLOUP, VYOLANS YO TOUCHE KOMINOTE AYISYÈN NAN

Sa fè anviwon de (2) semèn depi peyi Gwadloup ap konnen moman difisil sitou zòn ansapit, akoz sitwayen yo nan peyi sa ap manifeste kont obligasyon pou yo pran vaksen kont kowona viris.

Yon sitiyasyon ki pa san konsekans sou ayisyen ki envesti nan peyi sa,nan fè biznis. Pwotestatè yo ki pa pè anyen, boule tout sa yo jwenn sou wout yo, piye divès antrepriz, kek sitwayen ayisyen ki te gen magazen pwodui kosmetik,vètman nan peyi Gwadloup, tout pase anba dife, yo pa konn ki sen pou yo rele.

Daprè deklarasyon ansyen jounalis radyo galaxie,Jean Guy Sadrac Méme, konsta yo pa diferan ak mouvman pwotestasyon 6,7 Jiyè ki te genyen nan nan peyi dayiti.

Malgre anons otorite fransèz yo, zak vyolans yo kontinye, gen barikad sou tout wout yo ansapit, kawotyou ap boule, pwotestatè yo kanpe byen rèd dèyè barikad yo.

 

Marie Wanide Nencha Vernois

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …