LEMONN/MIGRAN: YON TIMOIN 12 MWA TRAVÈSE MEDITERANE A POU KONT LI POU LI ALE NAN PEYI ITALI

_Yon ti lèzanj 12 mwa rive vandredi 17 desanm 2021 an sou zile Sicilienne de Lampedusa apre l fin travèse tout mediterane a san prezans paran l osnon yon manm nan fanmi l, daprè enfòmasyon laprès nan peyi Itali revele._

Ti lèzanj la vwayaje pou kont li, san prezans okenn manm nan fanmi l nan yon bato ki te gen 70 moun. Li rive san yon branch cheve nan tèt li pa rache.

Ak yon lane sou tèt li, li poko pale e tou pyès moun pa konn idantite l. Daprè temwanyaj bay yo, paran l ta sanble konfye l ak yon pakèt etranje pou l ka gen yon pi bon demen an Ewop.

Annatandan tribinal nan zafè timoun bay dizon yo sou ka timoun nan, gen yon edikatris k ap pran l an chaj, rapòte RFI.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …