LEMONN/ZEN: YON JENN GASON PECHE YON PWASON KI GEN DAN MOUN.

Nathan Martin, yon jenn gason nan Kawolin Dinò nan peyi Etazini sezi lè li wè li pran yon pwason ki gen menm dan ak moun pandan li tap peche kotakot ak Yon frè jimo li nan Nag’s Head. Pwason sa ki gen dan moun nan peze 9 kilo anviwon .

Sou tout rezo sosyal yo, foto pwason an pa sispann fè pale anpil bò kote entènòt yo. Nan foto a, pwason an bouch ouvè epi ak ranje dan ki sanble ak dan moun nan bouch li.

Nathan Martin pa kache satisfaksyon aprè li fin peche pwason an.  » Se yon bon pèch », daprè sa li fè konnen nan McClatchy News.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …