LULA AKSEPTE POU LI ALE NAN PRIZON MALGRE SIPO PATIZAN LI YO.

Ansyen prezidan peyi Brezil la Luiz Inácio Lula da Silva aksepte pou li ale nan prizon  apre la jistis peyi Brezil te lanse yon manda depo kont li pou koripsyon.

Luiz Inácio Lula da Silva fè konnen li aksepte ale nan prizon paske li pa pi wo ke la lwa, selon prezidan an desizyon ki pran pou metel nan prizon pou douzan an se yon krim politik ke lap prouve, ansyen prezidan an deklare metel nan prizon pa ka separel ak popilasyon an. Lula fè deklarsyon sa yo devan plizyè milye patizan ki tap mande li pou li pa aksepte ale nan prizon.

Lula da Silva gen 72 lane sou tèt li li tap dirije peyi Brezil nan lane 2003-2011, non li tap site trè fò poul ta ranpòte eleksyon ki pral fèt nan mwa oktòb kap vin la yo.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

« Haïti ne peut continuer d’être punie pour avoir arraché sa liberté », déclare le président brésilien Lula da Silva au Sommet Brésil-Caraïbes

Brasília, vendredi 13 juin 2025 — Lors du Sommet Brésil-Caraïbes organisé ce vendredi dans la …