MARTINE MOÏSE KITE LOPITAL LI TE YE NAN FLORID LA.

_Martine Moïse kite Jackson Hospital peyi Etazini nan vil Florid kote li tap resevwa swen ka li nesesite, daprè jounal dominiken an Listin Dario._

Premye dam repiblik lan pa « Jackson Hospital » ankò depi vandredi 16 jiyè 2021 kote li te ospitalize depi ui(8) jou.

Daprè jounal dominiken an, gen yon pakèt ajan federal ki mennen Martine Moïse nan yon rezidans prive toujou nan peyi Etazini.

Nou ap raple, daprè Claude Joseph, premye minis pou yon ti bout tan nan peyi Dayiti Martine Moïse ap gen pou asiste ak fineray Jovenel Moïse ki ap gen pou chante vandredi 23 jiyè 2021 an nan vil Okap.

 

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …