Nan yon kominike pou laprès ki mete deyò lendi 2 dawou a, « médecins sans frontières » anonse li kite Matisan definitivman parapò ak ensekirite a ki kontinye ap taye banda nan rantre sid kapital la, nan nivo Matisan._
Nan kominike pou laprès la, MSF esplike desizyon sa vini paske yo pa ka garanti sekirite pou estaf yo ak pasyan yo e malgre sa, yo te vle atire atansyon otorite yo e sa ki te lakoz yo te kanpe sèvis pou yon semèn soti 28 Jwen pou rive 5 jiyè 2021 . » Yon mwa aprè, menm sityasyon an toujou la, òganizasyon medikal imanitè twouve li nan obligasyon pou li mete kle a anba pòt la », ekri nan kominike pou laprès la.
« Aprè 15 lane pase ap bay sèvis san kanpe nan Matisan, MSF oblije fè yon kraze kite sa. Òganizasyon an te gen pou li demenaje selon yon kreno orè estrik epi presi; sa ki lakoz li pa te gentan retire logo ak lòt siy identifikasyon ki twouve yo nan sant ijans lan.
MSF ensiste pou li fè konnen li pap responsab anyen ki ta rive nan ansyen batiman sant ijans Médecins Sans Frontières a nan Matisan 25 », daprè kominike pou laprès la.
Sepandan, MSF fè konnen, toujou nan lide pou kontinye sipòte pèp ayisyen an, patiklyèman moun ki pi mal yo, lap kontinye diskite pou yo wè si yo pa ta ka mete sant ijans yo a nan yon lòt kote nan rejyon metwopolitèn nan.
« MSF kontinye mande moun ki gen zam yo an Ayiti pou respekte sekirite pèsonèl sante, pasyan, materyèl ak estrikti medikal yo epi pou machin ak anbilans kapab sikile an sekirite », konkli kominike pou laprès la.
Jackson junior Rinvil