MINIS JISTIS AK SEKIRITE PIBLIK LA DEMANTI ENFÒMASYON KI FÈ KWÈ LI GEN BON LYEN AK JOSEPH BADIO FÉLIX.

Minis jistis ak sekirite piblik la, Rockfeller Vincent demanti sou kont twitè li mèkredi 3 dawout 2021 an  ,enfòmasyon ki fè kwè li bon rapò ak Joseph Badio Félix, sitwayen Lapolis Nasyonal Dayiti ap chache nan kad ankèt k ap mennen nan asasina Jovenel Moïse la._

« M te gen relasyon ak li lè m te direktè jeneral ULCC pandan peryòd janvye pou bout jiyè 2020. Li te anplwaye enstitisyon an. Anvan sa, li t ap travay pou MSJP. Sa p ap sèvi ak anyen pou ap aseye bouye pis yo », reyaji minis jistis ak sekirite piblik la aprè lo manda kominisè gouvènman an mete dèyè yon pakèt gwo zotobre sektè politik la nan kad ankèt sou lanmò Jovenel Moïse.

Rockfeller Vincent demanti tou, nan yon dezyèm twit, Joseph Félix Badio pa t janm « fòmèlman » manm kabinè li. » Joseph F. Badio, refijye Lapolis ap chache aktivman pa t janm manm fòmèl kabinè, ni li pa t janm yon pwòch ankò mwens yon zanmi », fè konnen Rockfeller Vincent.

Nimewo 1 ministè jistis ak sekirite piblik la fè konnen nonsèlman li demanti rimè sa yo, men li mande pou Lapolis entensifye rechèch yo pou kapab mete men sou Joseph F. Badio

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …