MINISTÈ TRAVO PIBLIK TRANSPÒ AK KOMINIKASYON ENTÈDI MACHIN PASE SOU PON ESTIMÉ KI TRAVÈSE RIVYÈ GRANDANS LAN

Nan yon avi ministè travo piblik transpò ak kominikasyon mete deyò jounen vandredi 20 dawout 2021 an, li mete entèdiksyon pou machin pa travèse pon Estimé a ki sou rivyè Grandans lan.

« Imedyatman avi sa parèt, ministè travo piblik transpò ak kominikasyon (MTPTC) entèdi pwovizwaman sikilasyon tout machin sou pon Estimé a ki sou rivyè Grandans lan », ekri nan avi a.

Avi sa, se minis travo piblik transpò ak kominikasyon an, enjenyè Wilson Eduard ki siyen li.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …