MOÏSE JEAN CHARLES AL PATISIPE NAN KONGRÈ KARAKAS KAP FÈT SOU 200 LANE BATAY « CARABOBO » A NAN PEYI VENEZYELA.

_Moïse Jean Charles kite peyi a jounen 21 jen 2021 an pou li rann li nan peyi Venezyela kote li ap gen pou li patisipe nan kongrè Karakas kap fèt sou 200 lane batay « carabobo » a._

Nan yon twit ansyen senatè Nò a mete deyò jounen 22 jen an, li fè konnen li kite peyi a pou li rann li nan peyi Venezyela. Daprè a ansyen kandida pou pòs prezidan an nan eleksyon 2015 yo, li kite peyi a nan sousi pou li al patisipe nan kongrè Karakas ki ap fèt sou 200 lane batay »carabobo » a.

« Nou ap pwofite rankontre ak ofisyèl Amerik Latin sou pwojè Bitgoud la », ekri sou kont twitè Moïse Jean Charles, opozan fawouch rejim PHTK a.

Lidè platfòm politik pitit Dessalines lan fè konnen lap kontinye poze pyon pou rebay Ayiti souverènte, diyite ak richès.  » Pandanm Venezyela, mwen vle swete bon retablisman ak prezidan Aristide », Moïse Jean Charles.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …