MOMAN NWA POU EKIP AKAYE A DE DIMANCH 15 A LENDI 16 AVRIL 2018 LA

Bandi  ak zam atake delegasyon ekip akayè FC a  lendi 16 avril 2018 la, bò 12:35 nan maten nan lokalite poto(latibonit).

Malfektè sa yo piye epi ale ak kle bis konpayi(Ayiti Trans) lan, bat plizyè manm ekip la. Alòske yo tap rejwenn wout la apre yo te fin sibi yon defèt kont Reyal Op  (2-0) jou ki te15 avril la nan Okap ayisyen.

Jwè jèn ekip site drapo a viv yon kochma nan zòn poto, yon katye nan depatman latibonit.Daprè Clifford Thomas(jwè ekip la), delegasyon akayè a pratikman konpoze de jwè yo san prezans youn nan antèt yo, te wè bandi yo ki tap ale ak kòb, valiz, rad, odinatè epi telefòn yo elatriye…

<<Yo te agresif, yon te menm tire kou sou kèk nan nou, nou pat kapab rezizte fas ak jan yo tap aji a pou sa pat pi mal, nou te oblije ba yo tout bagay>> .

Pa rapò ak sa, merès prensipal vil akayè a te  voye byen vit 2 ti bis al retire jwè yo nan sitiyasyon regretab sa.

Raple nou ke sezon pase fòmasyon Baltimò Fc te viktim de menm sitiyasyon sa.

 

 

 

 

 

Lisa Ridoré

ridorelisa10@Gmail.com

(+509)4498-77-60

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Les employés de l’ONA unis pour défendre leur institution et leur Directeur Ronald Bazile face aux pressions politiciennes

Ce mardi 17 juin 2025, les employés de l’Office National d’Assurance-Vieillesse (ONA) ont organisé une …