Mouvman Sitwayen pou Sove Ayiti ki gen nan tèt li Joseph SINTILMA kòdonatè ak pòt pawòl Dasny JEN MAURYL òganize yon mach ayè jedi 7 jwen 2018 la nan 10h nan maten pou 12h aprè midi.
Yon mach ki te sòti devan ri kapwa nan channmas pase devan fakilte etnoloji ,desann bò MUPANAH pou tounen devan rex,nan lide pou mande mouche leta ankadreman ak entegrasyon jènès la nan administrasyon piblik la.
Valiz nan do,mayo nwa, blan ak wouj ekri devan kou dèyè <<ann sove ayiti, ann sove peyi a>> machin mizik, motosiklis, lapolis, jèn gason kou fi ap chante , pankad tout kalite ekriti tankou: jistis sosyal, respekte dwa moun, nou bezwen lekòl pwofesyonèl,sante,pwodiksyon lokal,nou pap pati nou bezwen travay nan peyi nou,entegrasyon san esklizyon ak anpil lot mesaj pou chèf leta nasyon an ak ekip li yo.
Devlopmantis Jerry NOEL, ak lòt manifestan yo mande » leta pou mete ministè jenès otonòm kote se jèn yo ki pou jerel. Nou al lekòl, aprann men se nou kap trennen nan katye popilè yo> » revandikasyon sa se pou nou jenès la.
Jean Gardy Celestin.