_Otorite peyi Nijerya yo ap siyale platfòm twitè a depi oktòb pase parapò ak enplikasyon li nan manifestation ki te fèt kont vyolans polisye yo. Vandredi 4 Jwen an 2021 an, gouvènman an anonse li bloke rezo sosyal « twitè » a nan peyi a._
« Entèdiksyon sa li sanble ak lanmò. Lanmò libète pou nou pale ; pou nou di sa nou panse », ekri youn nan figi mouvman #Endsars, kont vyolans polisyè yo kote twitè te jwe yon gwo wòl ladann.
Twitè bò kote l, nan yon kominike, fè konnen sa ba l gwo kè kase platfòm li an otorite yo sispann nan peyi Nijerya a. » Nou pwomèt n ap fè tout jefò posib pou n rebay Nijeryan yo aksè ak rezo sosyal yo a ki se twitè », daprè sa yo fè konnen.
Pòt pawòl prezidan Muhammadu Buhari li menm, pale de yon sispansyon tanporè kote li evoke dezinfòmasyon osnon « fake news » ki ap pwopaje sou twitè ki « soustrè ak responsabilite yo », daprè pòt pawòl la.
Kominike sila a retounen sou twit polemik chèf Leta a, Muhammadu Buhari te fè epi twitè te efase a kote prezidan an pa t nan kache men voye wòch pou l te menase manm mouvman endepandantis yo « byèfrè de lipop ».
« Se pa t yon diskou ki te gen rankin, èn ladann » daprè laprezidans ki an menm tan fè konnen se sèl fòs ki kapab yon repons adapte fas ak demonstrasyon fòs » gwoup separatis yo », rapòte RFI.
Jackson junior Rinvil