OEA: PEYI ETAZINI PA RIVE JWENN BENEDIKSYON POU METE PEYI VENEZYELA DEYÒ NAN OEA.

Tèks peyi Etazini te propoze pou mete peyi Venezyela deyò nan OEA a (òganizasyon Eta Ameriken) pa rive jwenn benediksyon li jan mezon blanch te swete sa. Pou mete yon peyi deyò nan OEA fòk  2/3 peyi manm yo dakò pou sa fèt.

Nan fen 48tyèm asanble jeneral la ayè madi 5 jwen 2018 la 19 peyi sa yo Ajantin, Bayamas, Babad, Brezil, Kanada Chili, Kolonbi, Kosta rika, Etazini, Gwatemala, Giyana, Ondiras, Jamayik, Meksik, Panama, Paragwe, Pewou, Repiblik Dominikèn ak Sent Lisi apiye pou mete peyi Venezyela deyò men sa pa rive fèt akoz li pa reprezante 2/3 manm yo.

Peyi tankou San Visant,  Lè Grenadin, Salvadò, ak Bolivi  pa dakò pou mete Venezyela deyò, yo vote kont tèks la.

Ayiti, Sent kis e Nevis, Sirinam, Trinidad, Antigwa e Babouda, Belize, la Dominik, La Grenad, Ekwatè, Irigwe, Nikaragwa pa vote ni pou ni kont desizyon pou mete Venezyela deyò a.

Nap raple pa twò lontan peyi Venezyela te mande e tante pou kite OEA (Òganizasyon Eta Ameriken).

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …