OMAJ E SENPATI POU KOBE BRYANT AVÈK TOUT MOUN KI MOURI AVÈK LI NAN CRASH ELIKOPTÈ LI.

Echojounal medya an liy nan lang kreyòl ki chita kòl nan peyi Dayiti aprann avèk anpil tristès lanmò gwo lejann basketè ameriken an KOBE Bryant a (41 lane) avèk pitit fil Gianna (13 lane) avèk sèt (7) lòt moun ankò nan yon elikoptè ki fè crash pou 26 Janvye 2020 an nan peyi Etazini kote li te deplase pou mennen pitit fil al jwe yon match basket.

KOBE se yon jwè anpil moun te renmen pou fasonl jwe nan mete touch li nan jwèt sila.

Yon lòt fwa ankò ekip Echojounal la retire chapol pou salye depa san zatann sa a epi pwofite di fanmiy, fanatik, zanmi KOBE kouraj nan moman tristès sa yap travèse.

Echojounal

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …