PLIZYÈ PEYI NAN MOND LAN KONDANE ASASINA  PREZIDAN JOVENEL MOÏSE .

Premye minis Britanik lan Boris Johnson fè konnen sou kont twitè li ,li vrèman choke epi tris pou lanmò prezidan Jovenel Moïse kote li denonse aksyon malonèt sa ki pase nan lannwit madi 6 pou rive mèkredi 7 jiyè 2021an .

Premye minis Boris Johnson prezante kòdoleyans li ak fanmi viktim epi popilasyon ayisyèn nan.

Pòt pawòl prezidan ameriken an Jen Psaki deklare se yon atak tèrib epi trajik asasina prezidan Ayiti an ak Madanm li nan lannwit lan. Washington deklare li prè pou li pote èd li nan peyi an.

Chèf Diplomatik Ewopeyèn nan Josep Borell di li choke aprè nouvèl asasina prezidan Jovenel Moïse .Josep Borell fè konnen  sou kont twitè li krim sa antrene yon risk  enstabilite .Lajistis ayisyen dwe jwenn moun ki fè aksyon sa  epi mennen li lajistis .

Manb konsèy sekirite ONU yo deklare asasina prezidan Ayiti an  vrèman chokan ,anbasadè fransè a Nicolas Rivière fè konnen se yon gwo tristè nan mitan konsèy sekirite a.

Daprè plizyè anbasadè dwe gen yon reyinyon ki òganize an ijans .

Angeline Michel

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …