PLIZYÈ PRIZONYE LAGE PYE YO APRE YON ATAK NAN YON PRIZON NAN REPIBLIK DEMOKRATIK KONGO

Madi 20 oktòb 2020 an nan provens Nò Kivu ,yon prizon ki nan vil Béni nan repiblik demokratik Kongo kraze se ta mouvman ADF ki ta fè aksyon sa selon otorite yo.

Moun sa yo ki te ame ak gwo zam te rive  libere plizyè santèn prizonye bò 4 è nan maten an.

Daprè majistra  vil Beni an atak sa fèt nan 2 tan kote yon premye gwoup te vize pozisyon lame a ki touprè prizon an epi dezyèm gwoup lan atake dirèkteman prizon an.

Nan atak sa baryè prizon an kraze epi prizonye lage pye yo men yo poko konnen sak fè yo kraze prizon an, daprè otorite yo gen 2 prizonye ki pèdi lavi yo epi plizyè lòt sove.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …