Pozisyon 68 manm kongrè ameriken yo se yon gwo pa pou nou jwenn yon solisyon ak kriz la, daprè sa mèt André Michel fè konnen Lendi 26 avril 2021 an sou kont twitè li._
Pòt pawòl sektè demokratik la pa t pran tan pou li te bay dizon li sou pozisyon 68 manm nan kongrè ameriken yo pran sou kriz politik peyi Dayiti a.
» Pozisyon 68 manm nan kongrè ameriken an se yon gwo nan lide pou rezoud kriz la. Jovenel Moïse se yon obstak ak rezolisyon kriz la », André Michel.
André Michel, boutofen, raple pozisyon sektè demokratik ak popilè a sou kriz politik peyi a. » Nou p ap ni negosye, ni kowabite avèk Jovenel Moïse », mèt André Michel.
Jackson junior Rinvil