Sityasyon panik nan zòn Pènye, popilasyon an tanmen yon mouvman bloke wout kote yap boule kawotchou voye wóch ak boutèy pou fóse otorite yo fè wout la. Yon sityasyon ki lakoz tout aktivite bloke nan zòn nan.
Popilasyon kap viv nan komin Kabarè denonse otorite EDH yo ki pa janm bay kouran nan komin nan depi 5 avril, moun yo menase bloke wout nasyonal la si yo pa jwenn kouran.
Elèv lise Lasalin yo pran lari a ankò jodi a kote yo bloke wout nasyonal la boule kawotchou, voye woch sa ki ta pral koz anpil kouri nan zòn nan, anpil machann kwabosal te oblije ramase, lot lekol ki nan zòn nan pa rive fonksyone.
Plizyé chofè piblik kou prive denonse yon seri polisye ki pran plezi bay kontravansyon epi kenbe pèmi yo. Lè chofè a fin peye kontravansyon yo pote resi a nan komisarya pou rekipere pèmi an, komisarya di li poko resevwa pèmi an. Selon chofè yo pwoblèm sa repete anpil nan komisarya Taba a.