Nan yon kominike pou laprès premye minis pou yon ti bout tan an mete deyò, Claude Joseph kondane atak ki fèt sou rezidans prive Jovenel Moïse e ki lakoz chèf Leta a tonbe anba bal nèg ak zam moun pa rive idantifye._
« Nan lannuit 6 pou rive 7 jiyè, vè 1è nan maten, yon gwoup moun yo pa idantifye kote enpe nan yo pale espanyòl atake rezidans prive prezidan repiblik la epi blese chèf Leta a motèlman », ekri nan kominike a. » Pou sa ki gen pou wè ak premye dam nan, daprè kominike a, « li blese lap pran swen ka li nesesite ».
« Pandan nou kondane zak baba, odye ak inimen sa, premye minis pou yon ti bout tan an, Claude Joseph ak CSPN mande pou popilasyon rete tèt frèt », daprè kominike a.
Claude Joseph fè konnen atravè kominike a lapolis ak fòs lame peyi Dayiti gen kontwòl sityasyon sekiritè peyi a.
Echo Jounal
Kredi foto:twitter