Prezidan chanm Depite a Gary Bodeau konfime gen yon group depite ki ekri buro a pou mande entèpele premye minis Jacques Guy Lafontant ak gouvènman an. Selon prezidan chanm nan demand depite yo respekte konstitisyon an ak regleman enteryè chanm nan.
Gary Bodeau te tou profite reyaji sou jounen entènasyonal libète la près la, depite a di sityasyon Jounalis yo poko klè li te referel ak Briol Lindor , Jacques Roche, PDG radyo ayiti entè a ak gadyenl Jean Dominique ak Jean Claude Louis-Saint rive nan Vladimir Leganieur ki disparèt depi 14 mas pase a san pesòn pa gen nouvel li. Depite Delmas fè konnen libète la près ap respekté lè gen yon salè minimòm ki respekte diyite yo.
Pandan li kwè yap bezwen yon projè lwa ki vote an favè yo pou travay ak libète, aksè pou jwen enfòmasyon. Prezidan chanm Depite a di gen anpil moun ak mayetofòn ki pa jounalis, li mande pou jounalis yo idantifye yo, pouse do yo deyò nan metyé a.
KREDI FOTO: RTG18 YOU TUBE