Félix Tshikesedi prete sèman kòm chèf leta peyi kongo jodi jedi 24 janvye 2019 la nan kinshasa kapital peyi kongo.
Aprè plizyè dizèn (10) lane pase sou lonbraj papa li ,Félix Tshikesedi 55 lane , sòti venkè nan eleksyon prezidansyèl yo , daprè rezilta pwovizwa ki pibliye nan konsèy elektoral nasyonal endepandant jounen jedi a.
Yon eleksyon ki te mete anfas Félix Thikesedi, lidè opozisyon , Martin Fayulu , kandida opozisyon kowalisyon an
,Lamuka ak Emannuel Ramazani Schadary, kandida pouvwa anplas la FCC ak Dauphin de kabila.
Pousantaj eskriten eleksyon yo ta pral tabli nan piblikasyon yo , kote Félix ta pral ranpòte lamayòl ak 38.71% vwa sou 47.46% patisipan, ak yon kantite vòt de « 7 051 013 » nan sifraj ki valab yo.
yon anons ki ta pral fèt aprè yon bon bout tan nan dat mèkredi pou rive jedi pa prezidan CENI an Corneille Nangaa.
ECHOJOUNAL
@valfednickson@gmail.com
Fednickson VAL