RÉGINALD BOULOS PWOPOZE POU FÈ LÒT PWOJÈ AK LAJAN REFERANDÒM NAN.

Lidè MTV Ayiti a, Réginald Boulos, daprè yon piblikasyon li fè sou paj facebook li, pwopoze pou gen lòt pwojè ki fèt ak lajan referandòm Jovenel Moïse vle fè nan peyi a._

 » Avèk 100 milyon dola, Sendomeng sot inogire yon santral solè 120 megawat. Kòb referandòm ilegal la ka ban nou 32 megawat », estime Réginald Boulos.

Selon doktè Boulos, li ap pi bon si se enèji renouvlab ki itiize nan peyi a. « Olye yon pakèt ti motè dizèl, nou envesti nan enèji renouvlab.

Ansyen sipòte Jovenel Moïse nan dènye eleksyon prezidansyèl 2015 yo, Réginald Boulos kwè « lajan fo vyadik Kafou a ka ban nou anpil kouran ».

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …