Espay ki tap twoke kòn li ak Larisi nan stad Loujniki jodi dimanch premye jiyè 2018 la elimine nan seyans penalite (3-4).
Yon match ki te rive nan seyans penalite akoz li te fini nil (1-1) apre 90 minit yo. Espay te ouvri skò a nan douzyèm (12zyèm) minit apre Ignachevitch ta pral make yon gòl kont kan li, A.Dziouba ta pral egalize pou Larisi nan 41nyèm minit sou penalite.
Match la ta pral pase nan seyans penalite apre san ven (120) minit boul. Iniesta, Piqué, ak Ramos ta pral make penalite pa yo a pou Espay, Koke ak Aspas ta pral rate penalite pa yo a sa ki ta pral bay Viktwa ak ekip Larisi a ki make tout penalite pa yo a.
F.Smolov, Ignachevitch, A.Golovin, D . Cheryshev se kat (4) jwè ki rive make pou ekip Larisi a.