Seleksyon Brezil la ki tap twoke kòn li ak seleksyon Meksik la nan stad Samara Arena fè yon viktwa (2-0) e jwenn biyèl pou ka (1/ 4) de final.
Seleksyon Brezil la te kanpe an 4-4-2 ekip Meksik la te an 4-3-3, Neymar ta pral make premye gòl match la nan 51nyèm minit (1-0) apre yon sipèb travay de Willian epi Firmino ta pral touye tout rèv meksiken yo nan 88tyèm minit (2-0) sou yon sipèb travay de sta brezilyen an Neymar.
Ekip Brezil la ap tann venkè mach beljik ak Japon an pou ka de ka (1/4) final.