RISI2018: GWO SIPRIZ NAN GWOUP F LA. ALMAY TONBE DEVAN MEKSIK.

Nan kad 3yèm jounnen koup di mond lan, espesyalman nan gwoup F la, gwo sipriz rive fèt kote Meksik mete do Almay atè (1-0) avèk yon sipè aksyon de Lozano nan 35yèm minit nan 1e mitan ki te fin drible Kimmich epi defye Manuel Neuer.

Rankont sila ki te opoze 1e ak 15yèm seleksyon nan klasman FIFA te rich ak aksyon bò kote de (2) ekip yo: anpil bèl faz jwèt, anpil chout kadre, anpil okazyon gòl, anpil parad sitou avek Guillermo Ochoa ki fè yon match ekstraòdinè ki ta ka menm mèyè jwè rankont lan.

Almay nan yon gwoup ki genyen ekip tankou: Swèd, Koredisid, gen obligasyon poul genyen lòt match li pral gen poul jwe ak Swèd Samdi kap 23 jen an sil vle bay yon bon figi nan 1e faz coup dimond 2018 la.

Pradelsimeon24@gmail.com
44363396

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ballon d’Or 2025 : Entre prestige et illusion dorée.

Le 22 septembre prochain, le Théâtre du Châtelet à Paris accueillera la 69e cérémonie du …