RISI2018: SENEGAL FÈ TONBE FÒMASYON POLÒY LAN 2-1

Yon kokennchen rankont ant fòmasyon Polòy lan fas ekip Senegal foutbòl lan nan kad dezyèm match koup dimond wisi 2018 pou jodi 19 jen an nan estad Spartak lan. Gwo Match sa fini 2-1 nan avantaj Afriken yo ak yon gòl Cionek nan 37′ nan kan pal lan, yon gòl pou M. Niang 60′, epi youn nan pou Chrychowiak nan 86′.

Ekip Polòy lan te jwe an 4-2-3-1, epi Senegal te kanpe an 4-4-2.

Rankont bouyon boul sa te mete A. Nawalka seleksyonè polòy lan anfas A.Cissé antrenè Senegal lan.

Chanjman Senegal:

– 62′ C. N’doye #11 rantre, M. Diouf #9 soti.
– M. Konate #14 rantre, M. Niang #19 soti nan 75′.
– C. Kouyaté #8 rantre, A. N’Diaye soti.

Chajman polòy :

– J. Bednarek #5 rantre, J. Blaszczykowski soti nan 46′.
– D. Kownacki monte, A. Milik soti nan 73′.
– 83 ‘ B. Bereszynski #18 rantre, L. Piszczek #20 soti.

Katon jonn :

– G. Krychowiak polonè yan nan 12′.
– S. Sané #6 (Senegal) nan 49′.
– I.Gueye (Senegal) 72’.

Se premye konfrontasyon Polòy ak Senegal , epi se premye defèt ekip Polòy lan nan 4 rankont anfas yon peyi Afriken nan koup dimond (1 viktwa, 3 nil ).

Senegal se premye ekip Afriken kifè viktwa nan mondyal Risi yan.

Ridoré Steeve

ridoresteeve@Gmailcom

(+509) 3178-98-79

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ballon d’Or 2025 : Entre prestige et illusion dorée.

Le 22 septembre prochain, le Théâtre du Châtelet à Paris accueillera la 69e cérémonie du …