SE « DCPJ » K AP NEGOSYE AK GWOUP GANG » 400 MAWOZO » POU LIBERE OTAJ YO PAMI YO 2 FRANSÈ, DAPRÈ PÈ MARC HENRI SIMON.*

Nan  jounen vandredi 23 avril la nan maten, pè Marc Henri Simon fè konnen se DCPJ k ap negosye ak gwoup gang »400 mawozo yo pou libere otaj yo ki gen ladan yo 2 fransè daprè sa Pè Marc Henri Simon nan yon chita pale  li te genyen nan youn nan medya peyi an.

 » Selil ankèt kont anlèvman nan DCPJ fè pati selil k ap negosye ak bandi yo pou jwenn liberasyon otaj yo », deklarasyon pè Marc Henri Simon.

N ap raple, Jedi 22 avril la, gwoup gang »400 mawozo te libere 3 nan 9 relijye yo te kenbe yo an echanj, daprè yon sous fyab, liberasyon « yonyon » yon chèf gang ki te nan prizon. Sepandan, 24è aprè, otorite lapolis yo poko di anyen sou sa.

Echo Jounal

Kredi foto:wikipedia

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …