SPÒ: CHRISTIANO RONALDO RANPÒTE PRI JWÈ KI MAKE PI BÈL GÒL POU SEZON 2017-2018 LA.

Gòl bisiklèt Cristiano Ronaldo te make pou Réal Madrid nan 1\4 final Lig dèchanpyo an kont ekip  Juventus la se pi bèl gòl sezon 2017-2018 la daprè UEFA .

Atakan pòtigè a ranpòte pri sa a ak prèske 200 000 vòt sou yon total 346 915 Moun ki te vote sou sit UEFA.com nan.

Cristiano Ronaldo ak gòl bisiklèt li a fini devan fransè Dimitri Payet (OM) ki te make yon gwo gòl ak eksteryè pye dwat li kont Leipzig nan Ewopa Lig ansanm ak Eva Navarro ki te fè yon bèl gòl pou Espay kont Almay nan final Ewo pi piti pase 17 tan an.

Kervens Louis

Kervenslouis459@gmail.com

+509 44120020

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Football: enquête sur le club du Paris Saint-Germain après une plainte contre le « fichage ethnique » de joueurs

Une juge d’instruction parisienne enquête depuis quelques mois sur un possible fichage ethnique de joueurs …