TRANBLEMAN TÈ 14 DAWOUT : MOÏSE JEAN CHARLES BAT BRAVO LANKONTMAN POU LARISI, VENEZYELA EPI MEKSIK KI KANPE BÒ KOTE PEYI DAYITI

Lidè platfòm pitit Dessalines nan, Moïse Jean Charles, nan yon twit li fè bat bravo lankontman pou peyi LARISI, VENEZYELA E MEKSIK ki reponn prezan bò kote pèp ayisyen an pandan peryòd tranbleman tè a._

« Jodi a se yon rèv anpil ane kap triyonfe, kote Ayiti jwenn solidarite nan moman tranbleman tè a frape Gran Sid peyi a. Venezyela, Lari e Meksik yo di prezan », rejwi ansyen kandida pou pòs prezidan an nan eleksyon prezidansyèl 2015 yo.

Daprè ansyen senatè depatman Nò a, Gwo chin nan wout. » Sa se kòmansman koperasyon Sid/Sid. N ap tann vwazen nou Etazini », ekri sou kont twitè opozan fawouch ak rejim PHTK a.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …