YON PATI NAN AYISYEN KAP VIV NAN PEYI KANADA PLEDE ANFAVÈ REFERAN DÒM LAN AK CHANJMAN KONSTITISYON AN.*

Yon pati nan kominote ayisyèn lan ki nan dyaspora a patikilyèman nan peyi kanada manifeste jounen samdi 24 avril 2021 an nan pou yo reklame dwa yo kòm pitit peyi an.

Imigran yo fè konnen depi 1804 jiska jounen jodia pa gen okenn dirijan ayisyen pa rekonèt dyaspora yo kòm pitit peyi a kote sa lakòz se moun ki toujou ap pran desizyon pou nou.

Gwoup manifestan sa yo fè konnen se pou premyè fwa yo jwenn yon dirijan ki panse ak nou tout bon vre nan nouvo konstitisyon an administrasyon Jovenel Moïse  ap pwone a.

Yon lòt kote, mesye dam sa yo bat bravo lakontman pou administrasyon Jovenel moïse la pou nouvo konstitisyon sa ki  ba nou dwa pou nou vote epi patisipe nan eleksyon pou nenpò kèlpòs nan eleksyon.

Yo kontinye pou di wi ak referandòm, wi ak konstitisyon wi ak eleksyon. Yo fè konnen afè 490 pati politik la pap bon pou peyi a

Ronald Exavier

Kredi foto:Canada

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …