IJAN/ FOUTBÒL: YON ATAKAN AJANTEN FOUTBÒL KLÈB BARCELONE KAPAB METE FEN NAN KARYÈ LI

_Sergio aguero, foutbolè Ajanten ki ap jwe nan foutbòl klèb Barcelone, kapab mete fen nan karyè li akoz yon pwoblèm kadyak. Daprè « Catalunya Radio » ka Sergio Aguero ta pi grav pase sa moun te panse._

Medsen ki sou dosye Ajanten an ta deja mande li pou li mete yon bout nan karyè foutbolè pwofesyonèl li. Ranplase nan match kont Alaves la (1-1) akoz yon pwoblèm nan pwatrin, ansyen atakan Manchester City a soufri « Arythmie Cardiaque ».

Selon « Catalunya Radio », medsen Sergio Aguero ta enfòme li pwoblèm kadyak li a pi grav pase sa toujou e ta menm konseye jwè Ajanten an pou li ta mete fen nan karyè li.

Dènye egzamen Sergio Aguero pase a pa ditou rasiran e pa konpatib ak foutbòl wo nivo a, daprè « Catalunya Radio ».

Nou ap raple, depi lè Aguero rive nan vil Katalòy la li jwe senk ( 5) match ak foutbòl klèb Barcelone.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …