Minis komès ak finans lan, Michel patrick Bois vert deklare jounen madi 7 desanm 2021 an pri gaz yo ap gen pou monte sou mache a vendredi 10 desanm kap vini la.
Nan yon pwen pou la près Minis la fè konnen leta fè twop defisi nan sibvansyone pwodwi petwolye yo. Sòti 2010 pou rive jounen jodi a, leta ayisyen pèdi 150 milya dola nan sibvansyone gaz.
Desizyon sa jwenn sipò aplikasyon la lwa 1995 lan ki esplike lè pri gaz la monte sou mache entènasyonal la, li dwe monte tou nan peyi dayiti, menm bagay la tou pou lè li desann.
Nouvo pri pwodwi petwolye yo repati konsa: Yon galon gazolin ki te konn vann 201goud ap gen pou vann 250g, yon galon dizèl ki te konn vann 163g ap pase ak 353g, yon galon kerozèn ki te konn vann 163g ap gen pou vann 352g.
Minis Michel Patrick Bois vert fini poul di, gaz la ap kontinye vann nan pri avan yo jiska vandredi 10 desanm lan jou desizyon sa ap antre an aplikasyon an.
Marie Wanide Nencha Vernois