AYITI/ASASINA: YON JOUNAL NAN PEYI ETAZINI BAY YON PIL DETAY SOU YOUN NAN PREZIME ASASEN JOVENEL MOISE YO.

Jounal ameriken  » Miami Herald », mete disponib yon pil enfomasyon sou Rodolph Jaar, ki se youn nan prezime asasen defen prezidan Jovenel Moïse, ki te jwenn arestasyon li nan peyi Sendomeng pandan semèn lan.

Daprè sa redaktè nan  » Miami Herald » yo ekri, Rodolph Jaar alyas  » Dodof » te gen plis ke dis (10) lane depi li te nan trafik dwòg. Sòti lane 1998 pou rive 2012, li te fè pou pi piti 7 tòn kokayin ki sòti nan peyi Kolonbi rantre an Ayiti. Toujou daprè jounal la, dwòg sa yo te konn ale nan peyi Etazini. Aprè arestasyonl pou dwòg, « DEA » te fè Dodof travay pou yo kòm enfòmatè, men li te trayi yo epi vòlè pou DEA 420 kilo kokayin.

Pou fini, jounal ameriken  » Miami Herald », fè konnen nan lane 2013 Rodolph Jaar te kondane pou kokayin li te vòlè pou « DEA » epi li te libere nan lane 2016, aprè sa yo te depòtel nan peyi Ayiti.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …