AYITI ENSEKIRITE : OBSÈVATWA AYISYEN POU DWA AK LIBÈTE LAPRÈS MANDE JISTIS POU DE (2) JOUNALIS KI TE TONBE ANBA BAL BANDI.

Nan yon nòt pou laprès Obsèvatwa Ayisyen pou dwa ak libère laprès ki gen pou sig nan lang franse (OHDLP) mete deyò samdi 8 janvye 2022 a, yo mande jistis pou de (2) jounalis yo, John Wesley Amady ak wilgens Louissaint ki te tonbe anba bal bandi moun pa rive idantifye nan dat ki te 6 janvye 2022 a nan zon Laboul.

Yon lòt kote, OHDLP esprime enkyetid yo fas ak vitès ensekirite ap pran nan peyi a dènye jou yo epi mande mouche leta pou pran responsabilite li douvan fenomèn sila ki pa sispann koule dlo nan je pèp Ayisyen an.

Nòt la ale pilwen poul mande mouche Ariel poul dijilante Yon ankèt prese prese pou bon jan limyè fèt sou asasinay lanmò de (2) jèn jounalis sa yo nan komin Petyonvil nan lokalite laboul 12.

 

Ronald Exavier

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …