AYITI/POLITIK: MILITAN SEKTÈ DEMOKRATIK AK POPILÈ RELE CHALBARE DÈYÈ ANDRE MICHEL AK NENEL CASSY

André Michel, nan tèt kole ak sektè ki pote non sektè demokratik e popilè a konnen yon move moman jounen lendi 10 janvye 2022 an anba men militan yo ki te move kou kong.

Sityasyon sa rive, nan moman André Michel ta pral eseye bay yon konferans pou laprès ak ekip li a, yon militan ki te an kòlè pase devan frape tab, lanse anpil pawòl piman bouk kont mèt la ak ekip li ki te gentan ranje kò yo pou adrese ak laprès.

Bagay la ki te vin magoumen nan men ekip (5-0) a, yo te oblije mete van na zèl yo pou bay espas la, militan yo sakaje, frape tout sa yo jwenn devan je yo pou fè mesye dam SDP yo konnen yo pa sèl moun ki gen bouch ni ki konn mete pafen.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …