AYITI AKTYALITE CHEZ BA

KONFLI ANT LA POLIS AK MOUN KI PRAL CHILI YO.

Enfo : Konfli ayè nan Ayewopò Guy Malary ant moun ki pral chili yo ak la polis, moun yo denonse la polis ki itilize kout baton ak britalite lè yo pral tcheke, selon ayisyen sa yo kap kite peyi a se paske peyi a pa ofri yo ki fè yo oblijel kite, yo mande pou la polis la pi profesyonèl nan kesyon jere foul.

 

 

ELEV PLIZYÈ LISE PRAN LARI POU MANDE PWOFESÈ.

Enfo ; Plizyè elèv lise pran lari ayè nan Site Soley, Maren ak vil Tigwav pou mande pwofesè, yon sityasyon ki ta pral dejenere lè elèv yo te bloke sikilasyon an e atake lòt lekòl, voye wòch ak boutèy sou yon seri machine ki tap tante pase sou wout yo, lapolis te oblije fè entanvansyon kote yo tap voye gaz e tire anlè. Pou bilan plizyè elèv blese e plizyè vit machin kraze.

 

 

KRIZ NAN SENA A.

Enfo ; Yon mwa apre apre plizyè palmantè te pran yon rezolizyon pou voye dosye petwokaribe a nan kou dè kont, yon desizyon ki pa nan gou palmantè ki reklame tèt yo de opozisyon an, yo kontinye ap mande kont de rapò a sa ki lakoz gwo konfli ant senatè yo kote len ap voye toya sou lòt.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …