Ayiti/Aktyalite: Tout sa ki domine aktyalite a nan lakou peyi Dayiti pou jounen jedi 25 avril 2024 la.

Byen bonè maten jedi 25 avril 2024 la konsèy prezidansyèl nèf (9) manm nan prete sèman nan lakou palè nasyonal, anpil kout bal tire nan moman prestasyon an.
Touswit apre prestasyon sèman an, manm gouvènman defakto yo, konseye prezidansyèl yo te ale nan « Villa D’accueil » pou te fini seremoni an.

Polis nasyonal la resevwa pandan jounen jedi 25 avril 2024 la yon lo materyèl ki soti nan peyi Etazini, selon enfo yo materyèl sa yo pral pèmèt lapolis la twoke kòn yo ak bandi yo.

Nèg ak zàm atake pandan jounen jedi a zòn Dèlma 24, bandi yo mete dife e kase anpil kay, selon enfo nou rive jwenn anpil moun nan popilasyon an viktim anba bal, gen anpil bandi tou ki pran bal selon sa kèk moun ki tap kouri kite zòn nan fè konnen.

Sityasyon an te rete konplike pandan tout jounen an nan blòk Kafou awopò ak tout zòn ki tou pre yo, anpil kout bal tire, selon enfo yo plizyè moun pran bal.

Ariel Henri, ansyen premye minis defakto remèt demisyon li mèkredi 24 avril 2024 la, touswit apre lèt sila Michel Patrick Boivert nome premye minis enterimè nan yon arete ki pote dat mèkredi 24 avril 2024 alatandan konsèy la ak pati politik yo fè chwa yon premye minis.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …