AYITI/ZEN: PRIZONYE NAN PRIZON SIVIL VIL ENCH YO KI GEN NAN TÈT YO BOUT JANJAN AK BAWON PRAN AN OTAJ PLIZYÈ POLISYE.

Prizonye nan ki nan prizon vil Ench yo pran de (2) enspektè polisye polis an otaj nan aprè midi 18 desanm 2019 la pou rive maten 19 desanm nan, prizonye sa yo gen gwo zam nan men yo ak minisyon selon enfòmasyon ke nou rive jwenn.

Prizonye sa yo ki gen nan tèt yo bout Janjan ak bawon dezame polisye yo epi pran telefòn yo pou mande negosyasyon ak direktè depatmantal la kote yo ta mande li pou li fè ajan UDMO yo ak lòt kò espesyalize yo kalma yo si se pa sa yap touye polisye ki nan men yo a, mesye yo ki mande pou yo kite prizon an nan negosyasyon yo selon enfo nou rive jwenn, fé konnen yo gen bagay nan men yo.

Selon yon sous mesye yo ta fè konnen yo pa soti nan lari se ta kèk polisye ki ta ba yo zam ak minisyon ki nan men yo nan moman la, yon sityasyon ki parèt trè konplike nan prizon an nan kote prizonye bay lapolis piga ak limit.

Nap raple Bout Janjan se ansyen chèf bandi nan zòn la salin nan mache Kwabosal epi Bawon se dezyèm chèf bandi ki tap taye banda nan zòn Kafoufèy, lapoli ta pral mete men sou yo lopital apre yo chak te fin pran bal bandi parèy yo nan blòk yo.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …