AYITI/KONFERANS: YON GWOUP ANPLWAYE NAN KONPAYI DIYITE RELE CHALBARE DÈYÈ YON SENDIKA ABOLOTCHO.

Nan yon konferans pou laprès jounen jedi 19 desanm 2019 la yon gwoup anplwaye nan konpayi Diyite denonse epi rele chalbare dèyè sendika a yo di ki pa ekziste nan konpayi a.

Anplwaye sa yo akize sendika a kap regle afè pèsonel yo nan bwat la sou do yo, anplwaye yo lonje dwèt sou yon sèten Alexandre yo di ki al negosye nan non yo epi mete yon gwoup pwòch li nan bwat la pandan yo menm yo nan lari yo pa touche, yo fè konnen yo deyò depi an janvye sepandan yo pat revoke,se te an disponiblite konpayi a te mete yo.

Anplwaye sa yo kontinye denonse sitwayen Alexandre sa ak lot kamarad li ki ta mande 20% sou tout lokasyon ki ta fèt nan bwat la, yon dil ki ta mal pase selon anplwaye yo ki fè prezidan sendika a pran laprès epi ap denonse koripsyon nan bwat la san pat yo pat konstate gen kòripsyon vre.

Anplwaye yo di yo pa bezwen sendika a ankò, yo fè konnen yo pa rekonèt li, yo mande tout lòt anplwaye ki ta genyon difikilte pou yo pase jere sa nan administrasyon an paske Diyite pa gen sendika epi pèsonn moun pagen dwa pale nan non yo si non yap pote plent kont tout fo sendikalis kap brase sou non anplwaye Diyite.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …