AYITI/SANTE:SANT DYAGNOSTIK ENTEGRAL RABOTO GONAYIV FÈ YON GWO LEVE KANPE.

Sant dyagnostik entegral Raboto Gonayiv Konnen yon jounen tansyon mèkredi 10 jwen 2020 an, nan lide pou fòse otorite sanitè yo pran responsabilite yo.

Ajan sante yo ki se prensipal responsab  mouvman sa te fèmen tout pòt sant sante a, kote Yo fè konnen Otorite sanitè yo mete yo deyò nan kad sansibilizasyon ak edikasyon kont Kovid-19 la malgre yo te pran fòmasyon pou sa, e yo profite mande bonjan ankadreman nan sistèm nan epwi bayo asirans ak nominasyon.

Sou bò pa yo kondane konpòtman Direktè Sant sante a Doktè Juvens Augustin kite britalize yo pa la fòs.

Nap raple pasyan ki te vinn resevwa swen kondane konpòteman ajan sante yo, yo di ki pa pran lavi moun Oserye kote anpil ladan yo ki te deja sou tab operasyon oblije pat ka opere akoz Medsen kiben yo pat ka jere aksyon briganday ki tap pase nan sant sante a te oblije kite espas la.

 

 

Asly SERIN REVEYE Gves
Contact +(509) 33536588

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …