AYITI/SEKIRITE: LAPOLIS NAN JAKMÈL FÈ YON GWO KOUT FILÈ NAN ZÒN LAMANDOU.

Nan yon operasyon lapolis mennen nan vil Jakmèl jounen dimanch 5 jiyè 2020 an nan zòn Lamandou yo rive sezi anpil gwo zam ak katouch epi mete de (2) moun anba kòd.

Pandan operasyon sa lapolis mete anba kòb Labbe Israel ak yon jèn fi ke enfòmasyon yo ta fè konnen se ta mennaj li, lapolis rive jwenn kay mouche sila anpil katouch ak gwo zam fann fwa ak plizyè lòt materyè ki ka detwi lavi moun.

Mouche sila ta deja tranfere nan DCPJ pou al bay detay sou gwo zam sa yo ke lapolis jwenn lakay li.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

AYITI/DINEPA: DINEPA ADRESE LI AK POPILASYON AN.

Nan yon avi ki pote dat 21 janvye 2025 « DINEPA » adrese li ak popilasyon an …