AYITI/RIMÈ: INITE KOMINIKASYON MINISTÈ JENÈS ESPÒ AK AKSYON SIVIK DEMANTI RIMÈ ATAK KI TA FÈT SOU MINIS MAX ATTYS.

Ekip kominikasyon ministè jenès espò ak aksyon sivik nan lakou peyi Dayiti demanti enfòmasyon ki tap kouri sou rezo sosyo yo ki te fè konnen ansyen minis enstitisyon sila Max Attys te sibi yon gwo atak nèg ak zam nan Dèlma 33 jou ki te samdi 18 jiyè 2020 an.

Rimè sa yo ta pral vini apre minis Max Attys ta pral denonse  gagòt nan konstriksyon estad yo epi remèt prezidan repiblik la Jovenel Moise lèt demisyon li jou ki te jedi 16 jiyè 2020 an. Rimè yo te fè konnen ke machin ansyen minis lan te resevwa anpil bal e menm te genyon foto ki tap sikile sou prèske tout rezo sosyo pou moutre jan machine nan resevwa bal.

Sa ki te pouse ministè a reyaji e di se pa vre, selon ministè a ni ansyen minis lan ni machin li pat sibi okenn atak.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …