ESPÒ/KATA22: TOUT TI DETAY SOU DEZYЀM JOUNEN ELIMINATWA KOUD DIMOND LAN NAN ZÒN AMERIK DISID LA.

Dezyèm jounen eliminatwa koup dimond lan jwe  nan zòn amerik disid la nan lannwit madi 12 oktòb 2020 an ekip Argentine nan rive fè yon viktwa, Brezil tann dènye minit yo pou mete do ekip Pewou a sou do ak yon gwo Neymar ki vin dezyèm meyè bitè ekip Brezil la.

Ekip Argentine nan fè yon viktwa kay ekip Bolivie (1-2) malgre Marcelo Moreno ta pral make nan 24’ pou ekip Bolivi a, Lautaro Matinez ta pral egalize pou Argentine nan 45’ epi Joaquin Correa ta pral bay ekip la viktwa nan 79’.

Malgre yon Luis Suarez ta pral make 2 gòl sou penalite (84’,90+5’) ekip Uruguay tonbe lakay ekip Equateur a (4-2), moun ki make pou Equateur yo se Moisés Caicedo (15’), Michael Estrada (49’,52’), Gonzalo Plata (75’).

Paraguay ki te an deplasman kay eki Venezuela rive fè yon vitwa (0-1)gras ak grenn gòl Gastòn Gimenéz ta pral make nan 85’.

Ekip Perou ki tap resevwa Bresil tonbe (4-2) malgre Pewouvyen yo ta pral ouvri skò depi nan 6’ ak André Carillo, Neymar ta pral egalize sou penalite (28’), Renado Tapia ta pral bay ekip Pewou avantaj la nan (59’),Richarlison ta pral egalize nan (64’), Neymar ta pral bay Brezil avantaj la sou penalite (83’) epi nan fen match sta PSG ta pral make twazyèm gòl pèsonèl li nan match la, sa ki vin plase li dezyèm meyè bitè ekip la dèyè Pele.

Ekip Colombie a ki te deplase al kay ekip Chilie an sove yon match nil (2-2) moun ki make pou Colombie se Jefferson 7’, Falcao 91’ epi pou Chilie Arturo Vidal 38’, Alexis Sanchez 41’.

Klasman an vini konsa apre dezyèm jounen an :

1-Bresil             6 pwen

2-Argentine      6pwen

3-Colombie       4

4-Paraguay       4

5-Equateur       3

6-Uriguay          3

7-Chilie              1

8-Perou             1

9- Venesuela     0

10-Bolivie          0

kredi foto: fr.fifa.com

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …