AYITI/MAJI/ZEN:  POU PI PITI 25 MOUN MOURI AK POUD NAN SEKSYON FON ROUJ DAYÈ.

pou pi  piti 25 moun mouri depi koumansman mwa fevriye pou rive mwa mas 2021 an, nan koud poud malfèktè nan 8 tyèm seksyon kominal fon rouj dayè komin jeremi.

Selon yon kout kominikasyon nan  telefòn jounalis Xaragua ak Witny Lafleur , fè konnen gen 17 timoun ak 8 gran moun ki mouri nan kout poud malfèktè, epi moun yo koumanse mouri depi koumansman mwa fevriye a 2021 an.

Konfrè a, ki esplike nan kad yon rankont notab nan seksyon kominal fon rouj dayè yo te fè samdi 27 fevriye a ak Gangan malfèktè yo te fè konnen se yon poud ki flite ki lakoz tout mò sa yo.

Pozel kesyon Kisa gangan yo AP fè pou rezoud pwoblèm sa ? Jounalis Witny Lafleur, deklare selon enfòmasyon li genyen gangan yo pat bay okenn repons pou ta kanpe machin lanmò a.

konfrè a ki fè konnen moun nan 8 tyèm seksyon fon rouj dayè, mande ak otorite nan ministè kil peyi Dayiti yo pou kouri vini pou mete fren nan gangan malfèktè sa yo k ap fè moun abi nan 8 tyèm seksyon kominal fon rouj dayè komin jeremi .

Dieuva Occidor

Kredi foto:piterest

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

AYITI/DINEPA: DINEPA ADRESE LI AK POPILASYON AN.

Nan yon avi ki pote dat 21 janvye 2025 « DINEPA » adrese li ak popilasyon an …