AYITI /ZEN: LAPOLIS CHIRE MAYO YON ATIS AKOZ LI TE GEN POU LI ALE JWE NaN YON PWOGRAM  VILAJ DE DYE

Lapolis te debake nan ri Nikola nan lannwit 8 Mas la, baz Fantom kote yo te chire mayo sou li paske li te gen pou li t al jwe nan vilaj de Dye.

« Tout atis yo te lakay mwen, yo t ap fè lè pou ale nan pwogram nan epi se nan moman sa lapolis swat debake », se sa papa rap la te deklare nan yon medya  peyi a.

Malgre ensidan sa fin rive, Fantom te vle al jwe pwogram nan koutkekout. Li pran wout pou li ale vilaj.  » M prèske rive nan separatè yo, nèg yo flache m, yo tire bal sou machin mwen. Gen yon ti jèn ki ap fè trapp misye pran bal nan tèt », daprè sa atis la eksplike.

Nan menm entèvansyon sila a, ansyen rapè barikad crew a fè konnen li bay lapolis 24è detan pou yo remèt li machin li ak mayo Gucci li.

 » Nèg yo ap remèt mwen machin mwen paske se pa gouvènman ki te ban mwen l, sa se machin mwen swe pou m fè. Nèg yo ap remèt mwen machin mwen », se sa atis la te deklare.

Li pa t rete la, sizanka yo pata remèt li machin nan, nèg kò vè a fè konnen l ap moutre yo lòt fasèt ki gen nan Fantom nan.  » Se pa lekòl moun ale pou yo aprann bandi ».

Jackson Junior Rinvil

Kredi foto:napster

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …