AYITI/ MOBILIZASYON: POLISYE FANTOM 509 AK POLISYE 26 ZYÈM PWOMOSYON YO PRAN LARI NAN KAPITAL LA .

Polisye ki regwoupe yo ak lòt polisye ki nan enstitisyon PNH la , ap pwomennen nan divès ri nan rejyon metwopolitèn Pòtoprens lan jounen 17 mas la pou mande ak wo kòmandman polis ba yo kò konfrè zam yo ki te mouri nan vilaj de Dye 12 mas 2021 an nan kad operasyon .

Polisye sa yo ki deja pase nan plizyè ri ak komin nan pòtoprens pou denonse fason otorite yo ap imilye polisye yo , lè yo rive nan komin petyon vil yo te jwenn sipò polisye ki sòti nan 26 zyèm pwomosyon polis la ki te nan fòmasyon nan lekòl polis la sou wout frè pou t al akonpanye yo nan lari .

Kèk nan polisye pwotestatè sa yo denonse le fèt ke wo kòmandman polis la sèlman t al rekipere nan aprèmidi 16 mas la Cha nan men chef gang baz « 5 segond  » lan Izo pandan yo kite kadav polisye yo nan men bandi vilaj de Dye yo .

N ap raple polisye fantom 509 yo te pran lari a lundi 15 mas 2021 an , pou menm koz sa e fwa sa polisye sa yo ki deja pase plizyè komin tankou : komin delma ,petyon vil ak komin taba . Jiskaprezan okenn otorite nan lapolis la pako janm bay okenn esplikasyon ki rezon ki fè se machinn blennde a lapolis rekipere avan kadav yo .

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …