AYITI/AKÒ POLITIK: KOTE SEKIRITE SEKTÈ DEMOKRATIK E POPILÈ TE PWOMÈT LA ?

_Nan dat 11 septanm 2021, gen yon pakèt òganizasyon politik ak estrikti politik ki te siyen yon akò politik pou yon gouvènans apeze epi efikas pandan peryòd enterimè a ak premye minis Ariel Henry. Pami òganizasyon politik sa yo, te gen sektè demokratik e popilè, yon estrikti politik ki te nan opozisyon ak ansyen prezidan Jovenel Moïse. Pòt pawòl estrikti sa a, mèt André Michel, nan sousi pou mwen te jistifye akò politik li te siyen ak premye minis Jovenel Moïse li te di akò a ap pèmèt gen sekirite nan peyi a; tout gang ap kraze alòske, plizyè mwa, gang yo vin pi pisan._

Sektè demokratik e popilè a, estrikti politik ki gen ladann Marjory Michel, Nenel Cassy, André Michel ak yon pakèt lòt moun te pwomèt sekirite nan peyi a aprè akò politik yo te fin siyen ak premye minis Ariel Henry nan dat 11 septanm 2021.

« Nou siyen akò politik sa paske akò politik la di fòk gen sekirite nan peyi a, fòk tout gang yo kraze. Gen yon selil ki pral travay pou kraze tout gang yo nan katye popilè yo », pawòl mèt André Michel aprè l te fin siyen akò politik 11 septanm nan ak premye minis Ariel Henry.

Pandan tan sa, soti 11 septanm pou bout 11 novanm sityasyon ensekirite peyi a ap fè fas la vin pi malouk. Lagè ant gwoup gang nan rantre sid kapital la, nan nivo Matisan lakoz pèsòn pa ka travèse. Nèg ak zam ap fouye, touye ti malere ak malerèz ki ap fè fòsin pou pase pou yo al chache lavi. Dènye ka a, se yon madanm 95 lane yo asasinen pandan li te nan machin li tap travèse Matisan.

Nan komin Site Solèy, patiklyèman vare gen yon gwoup nèg ak zam ki anpeche Leta al pran gaz pou distribye nan ponp yo. Sa lakoz, timoun ki fèk fèt ap mouri nan lopital pou oksijèn, fanm ansent pa ka akouche, pri kous machin moute tèt nèg, pri pwodui premye nesesite yo pa sispann grenpe bwa.

Piske pwomès sekirite a pa rive sou moun kap moute yon maswife anba ensekirite a, èske akò politik 11 septanm 2021 an sektè demokratik e popilè te siyen an se te an favè pèp li te siyen l?

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …