AYITI/ATIS:2 GWO ATIS NAN MOND MIZIK AYISYÈN NAN KI FÈ PALE ANPIL DE YO DESIDE POU YO MARYE ANSANM

Flè, polisye, kontantman sou figi moun k ap gade yo, se konsa dekò a te ye nan lannwit  8 Mas la  devan otèl Oasis la kote D-Perfect t ap mande Blondedy Ferdinand maryaj. Jenou atè, bag nan men li l ap lonje bay Blondedy, D-Perfect t ap mete lajwa nan kè fiyanse li.

Li pa t ka reziste, emosyon te anvayi l, Blondedy te di wi li aksepte pandan li t ap leve D-perfect atè a ki te ajenou. Amoure ak amourèz yo, nan sousi pou eksprime kontantman yo pa t pran tan pou youn te bo lòt sou bouch.

Yon lòt kote, gen anpil wounouwounou ki fèt sou rezo sosyal yo paske te gen polisye ki te kenbe flè nan moman demand maryaj la t ap fèt la. Pou anpil moun, travay Lapolis la se pa sa l ta dwe ye.

Jackson Junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …