AYITI/EDIKASYON: MINIS NESMY MANIGAT ENSTALE YON SEKRETÈ LETA ALFABETIZASYON AN

Minis edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl (MENFP), Nesmy Manigat enstale jounen madi 7 desanm 2021 an nouvo sekretè Leta pou alfabetizasyon an, Sandra Jacques Suzette Michel Saint-Georges.

« Yon granmoun ki alfabetize e ki gen metye nan men li ka pote anpil bourad nan jefò kap fèt pou chanje figi sistèm edikatif la e nan devlopman peyi a », daprè responsab MENFP la, mesye Nesmy Manigat ki, pi lwen, te pwofite okazyon pou salye madan Michel Saint-Georges ki eksperimante nan kesyon alfabetizasyon an.

Nouvo sekretè Leta pou alfabetizasyon an, madan Michel Saint-Georges fè konnen li konte sou kolaborasyon tout aktè yo pou ranfòse pwogram alfabetizasyon nan peyi a, rapòte biwo kominikasyon ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl.

 

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …