Nan yon nòt kap sikile ki pote non asosiyasyon pwofesyonèl bank yo (APB) mete deyò ayè vandredi 12 novanm 2021 an, anonse tout bank ki nan peyi a pral retounen fonksyone nan orè yo te konn fonksyone a janl te ye oparavan an apati de lendi 15 novanm 2021 an.
Pilwen, estrikti ki reyini tout bank nan peyi a APB remèsye tout kliyan li yo pou pasyans yo ak bon konprann yo.
Nap raple, APB te anonse orè bank yo chanje swit avèk kriz gaz ki tap travèse tout peyi a kote orè bank yo te chanje de 6 jou a 3 jou de 8è 30 nan maten pou rive 2 zè nan aprè midi.
Ronald Exavier